Published On Premiered Oct 18, 2023
M' SON BENI🙏🏾😇🖤
Artist: @AkossFornia-idy X @toddtbf
Studio: POTORIKTRACK
Prodz By: @potoriktrack1
BRIDGE-CHORAL: @potoriktrack1 & @toddtbf
DISIGNER By @Riitch-Spy
📡📡📡 RÉSEAUX SOCIAUX📡📡📡
▶️Instagram: https://instagram.com/meephaemmanuell...
▶️Facebook: https://www.facebook.com/todd.kaskad?...
▶️Twitter: https://twitter.com/Todd_tbf?t=GbG5RZ...
▶️Tiktok: / todd_tbf
▶️Audiomack: https://audiomack.com/todd_tbf
▶️Youtube: / @toddtbf
▶️Distrokid: https://distrokid.com/mymusic/
"LYRICS"
"TODD TBF"
M son'w Beni (2×Bis)
M riske fòm di nou
Menm rive fò'm di
Akoss Fornia Niggaz
M' riske a mò
Yèè
"AKOSS"
26 desanm 2020 Monte brazil pou'm al chèchè lavi
Eskizem frèm sim pran pale san'w pat mandem avi'm
M pa moun ki renmen rakonte menm souvyen de istwa sa chak fwam wè moun M' pale de li byen ke'm pa janm ravi
M' pa yon non'm ki pafè men tou lavi'm pa yon mens a fè
M' ekri tèx sa kòm temwanyaj poum diw sa Kris ka fè
E si tout fwaw pa kwè nan Kris pran temwanyaj sa frè
(E tout fwa ou pa kwè nan Kris pran temwanyaj sa frè(bis)
M' rive brazil nan yon maten c ton kouzen'k vi'n akeyim
Premye fwam Chita non anvyon (copa air lines ) fenk aterim
M pile tè peyi etranje Sam pat janm Espere nan vim
M son grenn yo t pi neglije pi gro desepsyon nan fanmim
Bondye benim [ frèm] konsa desepsyon yo leve
M pase brazil tankou van 9 mwa sèlman m pat menm rete
Ak yon rèv pou etazini map nouri depi kèk lane
Malgre pakou yo pat fasil M' mete Kran m' kraze raje.....
"TODD TBF"
POU VALÈ M' KONNEN KALE
M' TE PAMI YO
M' PAT PI BYEN PLASE
NOU CHAK TE REZON POU'N RISKE VI NOU
MALGRE SE PA NOU TOUT KI RIVE FÒ'M DI NOU...
POU VALÈ M' KONNEN KALE
M' TE PAMI YO
M' PAT PI BYEN PLASE
NOU CHAK TE REZON POU'N RISKE VI NOU
MALGRE SE PA NOU TOUT KI RIVE FÒ'M DI NOU...
M' SON'W BENIIII
m' son'w beni (x3)
M' SON'W BENIIII
m' son'w beni (x3)
M' RISKE FÒ'M DI NOU
MENM RIVE FÒ'M DI NOU OUOOUOU...
"AKOSS"
10 septanm 2021 m' bay brezil do poum abouti rèv mwen
Se tankon fanm ak eklanmsi ki nan kouti kèm grenn
Sim mouri bèt kap otopsim
M livre tout [my friend ]
nan yon forè ki pa garanti chaje risk ak sispenns
M deja sou fontyè bolivi. m wè lavi moun yo mizerab c tankou yo Gen anvi Viv
Kwayans mwen t pran diminye
M pa kache diw m t anvi give
Ak yon moral trè eksite m' kite destenm mennem map swiv malgre tou
M gen bon gid kap moutrem chimen m gentan sou fontyè[ perù ]lèm diw sa c non ti kadè
Imigran sou Imigran manvayi peyi ekwatè polis fontyè nan fè rakèt politik peyi yo pa klè
M' gen gro regrè
Anpil eksperyans[ vecu] m pa gen ase lank
Poum dekri
Kounya m nan moman koze a ki c bò dlo nikokli
Travèse dlo pou pran forè a frèm bagay yo pat janti
M wè moun mouri desose m' wè moun mouri santi
Fanm ansent rale sou jenou tout ap goumen pou yo soti
Volè fè kadejak sou fanm frè pam son veritab sotiz
Yo vyole gason pou tout bon envolontè Masimadi
E moun dlo rivyè yo pot ale yo
( Son'w Trajedi )
Aprè 4 joum wè solèy premye refije
Panama
M' rele fanmim poul fè transfè poum ka antre Costa Rica
Honduras Nicaragua pi devan gen Guatemala pataje fontyè ak mexique konsam tonbe tapatchula ...
"POTORIKTRACK"
Pou valè sa ki ale se pa mwen'k te pi bon
To God be all the Glory
Mwen te gon'w Bondje kite la pou kenbe Gidon
Tout sa'm fè m konnen'm Beni
"TODD TBF"
POU VALÈ M' KONNEN KALE
M' TE PAMI YO
M' PAT PI BYEN PLASE
NOU CHAK TE REZON POU'N RISKE VI NOU
MALGRE SE PA NOU TOUT KI RIVE FÒ'M DI NOU...
POU VALÈ M' KONNEN KALE
M' TE PAMI YO
M' PAT PI BYEN PLASE
NOU CHAK TE REZON POU'N RISKE VI NOU
MALGRE SE PA NOU TOUT KI RIVE FÒ'M DI NOU...
M' SON'W BENIIII
m' son'w beni (x3)
M' SON'W BENIIII
m' son'w beni (x3)
M' RISKE FÒ'M DI NOU
MENM RIVE FÒ'M DI NOU OUOOUOU...
"AKOSS"
Tapatchula tiapas bagay yo pat fasil vi an trè monotòn
Divès nasyon ap goumen nan lig pou yo fè potokòl
Tout rèv pam se wèm sou fontyè a poum ta chanje zòn
Koz vi tapachula c vi lanfè ou viv sou tè an pèsòn
jou ap pase tout vizyon'm c Kay tonton Sam
Pat gen pi gro strateji nou reziye 'n fè karavan
Poun aproche pi pre fontyè a malgre gen depòtasyon
1er Juin m' antre sou Texas bondye benim de tout fason
"TODD TBF"
POU VALÈ M' KONNEN KALE
M' TE PAMI YO
M' PAT PI BYEN PLASE
NOU CHAK TE REZON POU'N RISKE VI NOU
MALGRE SE PA NOU TOUT KI RIVE FÒ'M DI NOU...